Eske w toujou tape avèk de dwèt? Eske w toujou bezwen gade klavye a anvan chak frap?
Etid Tape San Gade se yon sit entènèt gratis, ki fèt espesyalman pou ede ou aprann, pratike ak amelyore vitès tape ak presizyon ou.
Yon fwa ou aprann tape san gade, ou pa pral bezwen gade klavye a pou jwenn lèt ou vle tape yo, epi ou pral kapab tape ak plis vitès!
Tape san gade se yon metòd ki baze sou memwa miskilè olye de je. Metòd sa a pèmèt ou antre done ak plis vitès, espesyalman lè ou bezwen transkri tèks apati de lòt materyèl vizyèl.
Tape ak metòd sa a amelyore pwodiktivite ou sou òdinatè nan yon fason siyifikatif; li ogmante vitès antre done epi, kote sa posib, li diminye fatig ak domaj pou je yo.
Etid Tape San Gade genyen 15 leson, yon tès vitès ak jwèt ki pèmèt ou aprann etap-pa-etap, swiv pwogrè ou epi amize w!